lundi 11 décembre 2017

Device Unlock App


Device unlock la se yon aplikasyon ki sou telefòn android yo ke defwa nou  pa konnen oubyen tou nou gen dwa wèl nou pa konnen poukisa li la, se yon aplikasyon ki trè inpòtan, si ou te konn sa li ye ki fonksyon li gen de fwa ou pa tap oblije deplase epi depanse kob pou ou mete telefòn ou an fonksyon, men kòm provèb la di li deja, sa ke ou pa konnen li pi gran pase ou oubyen tou sa ou pa konnen ou rele li papa. Ebyen mwen menm tou mwen pat konnen poukisa li nan telefòn nan men aprè mwen fin konnen ki fonksyon li jwe nan telefòn nan mwen deside pataje sa avèk nou, e aprè nou fin konnen li tou nap wè ki avantaj aplikasyon sa bay.



Device unlock la li pèmèt ou dekòde telefòn ou san ke ou pa peye 1goud ni deplase li gratis, men pou ou dekòde telefòn nan avèl wap bezwen yon koneksyon intènèt ki kapab mobile data ou wifi lè ke telefòn nan konekte ak intènèt la wap chache aplikasyon Device Unlock la nan menu telefòn nan wap lanse li pou dekòde telefòn nan li bay 2 posiblite ki se.


  • Permanently unlock ak 
  • Temporary unlock

Permanently unlock la li ba ou posiblite pou dekòde telefòn nan san ke li pap janm kòde ankò sa vle di ou ka itilize li ak nenpòt sim pou nenpòt ki konpayi telefoni.

Temporary unlock la li menm li fè ou dekòde telefòn nan pou sèlman 30 jou aprè delè 30 jou a lap rekòde ankò .

Aprè tout infòmasyon  ke ou sot resevwa la yo mswete yo itil ou paske yo te vrèman inpòtan men gen yon lòt ki pi inpòtan toujou se elijibilite telefòn nan. Sa vle di ou gen dwa ap pase tout tan ou pou dekòde telefòn nan ak aplikasyon Device Unlock la epi li pa dekòde sa vle di ke telefòn nan pa elijib. Depi  li  pa elijib li pap bay posiblite pou li dekòde. Si ou wè ke lew ou lanse li ou chwazi youn nan opsyon yo ou wè li di ou restart telefòn nan sa vle di li te elijib ebyen li dekòde. Pou plis Infòmasyon sou Device Unlock la prochenn atik mwen ap gen poum ekri a lap se ak video sou kilè li elijib ak kilè li pa elijib e kòman pou ou itilize li.

Si tout fwa ou ta manke konprann yon bagay kem sot di la ou gen dwa pou ou poze kesyon, jis lese li anba nan kòmantè a. 

Mèsi nap jwenn trè prochènman nan yon lòt pi bèl atik!!!!!!





6 commentaires:

À 12 septembre 2018 à 03:24 , Blogger Unknown a dit...

Si telèfòn nan se kòd ht Sam ka fè svp

 
À 12 septembre 2018 à 12:32 , Blogger Unknown a dit...

Si telèfòn nan se kòd ht Sam ka fè svp

 
À 13 juillet 2019 à 17:17 , Blogger Jurolien a dit...

Wap bezwen kontacte founisè ou achte kò la nan men yon reseller

 
À 13 juillet 2019 à 17:19 , Blogger Jurolien a dit...

Ou kapab kontakte founisè ou a, oubyen tou ou ka achte kòd la nan men yon reseller.

 
À 2 janvier 2020 à 12:32 , Blogger Unknown a dit...

Sim gen yon iphone7 li gen èske nou kab edem

 
À 15 mars 2020 à 23:45 , Blogger MC TECH HAITI =APRAN DEKÒDE TELEFÒN, FLASHED, REMOVED ACCOUNT GOOGLE,IPOD,IPAD,IPHONE a dit...

Si device UNLOCK la make faild putan antènen la bn Kisam poum fè

 

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil