samedi 9 décembre 2017

Yon laptop egal biznis

Yon laptop se yon bagay ki vrèman inpòtan prèske tout sa wap fè ou ap gen bezwen yon laptop, men chak moun pa itilize laptop yo pou menm koz pa egzanp gen moun ki itilize li pou tande mizik, gade foto ak video ak anpil lòt ankò. Men jodi a aprè chak moun ki fin li atik sa mta renmen li tou transfòme tèt  li an businessman. Pou tout moun ki deja gen yon laptop oubyen ki gen yon nosyon nan infòmatik epi yo pa eksplwate posiblite ak kapasite pou li fè lajan nou swete atik sa itil ou. Chak moun gen yon bagay ke yo renmen fè men sa konn paka ede yo fè lajan. Men ak yon laptop wap kapab fè yon biznis.



Ki biznis wap kapab fè ak yon laptop?

Lèm pale de biznis anpil  moun konnen deja sa yon biznis ye, men gen moun tou depi ou pale de biznis premye bagay yo wè se achitekti a, batiman an, gwo epas la ak anpil bèl bagay ki ka atire moun, men nan tèt yon chinois se pa sa li ye ditou. Yon domisil ak yon referans gentan sifi pou li sa vle di depi yon moun ka tcheke li nan adres sa lap jwenn li li gentan konfòtab pou li bay sèvis oubyen vann pwodwi li a sak fè depi nou gen ide biznis refere nou ak chinois yo paske biznis la se nan tèt ou pou li ye an premye se pa sa moun wè a se sa wap ofri a.  brèf, An tounen nan kesyon nou an ki se ki biznis wap kapab fè ak yon laptop?

Si ou se yon moun ki renmen travay foto e ou ka travay foto byen ou ka fè yon biznis travay foto ak laptop ou ebyen pou fèl fow evalye sa ou genyen e sa wap bezwen. Si ou pa gen mwayen mande èd paske gen moun ki apresye lè jèn ap fè efò malgre se pa tout. Ou ka menm fè biznis sa lakay ou depi moun ki bezwen sèvis la ap ka jwenn ou. Si ou se yon moun ki intelijan nan smartphone yo nan enstale aplikasyon tankou diksyonè, YouTube, Facebook, WhatsApp ak anpil lòt ankò, liv elektronik ( bacclab, apranngratis), mete jwèt sou telefòn pa egzanp (neg bannan nan, sove zansèt, temple run, footbal 2017), mete  fim ak video epi mete mizik ou kapab spesyalize ou nan sa sèlman wap fè kòb paske jodia anpil moun bezwen sèvis se yo, e si ou konn travay sou Microsoft words tankou tape lèt tape CV, fè kanè si ou te konn fèl gratis pa egzanp depi jodi a kòmanse eksplwate li pou fè lajan paske « time is money « . Ou gen dwa pako genyen oubyen ka achte yon enprimant pou fè enpresyon pa gen pwoblèm pou sa paske pa gen moun ki te fèt tou genyen ekonimize kòb ou fè yo petèt nan kèk mwa wap ka achte youn.

Si ou se yon moun ki konn rezoud pwoblèm ke telefòn ap bay o nivo lojisyèl, ou kapab fè yon biznis dekòde telefòn, flache telefòn si ou gen ide nan reparasyon tou lap pi bon toujou. Kisa wap bezwen pou ou fèl.

  1. Yon laptop sa ke ou gen deja
  2. Ak kab telefòn yo
  3. Yon nck box oubyen nck dongle a pou plis info klike la https://nckdongle.com/features/
  4. Ak yon je kle

Gen plizyè box ke yon moun kapab achte si li ta vle komanse men mte chwazi nck paske li pa chè epi li gen anpil mak telefòn ladanl. Men ou ka chwazi achte lòt li depan de mwayen ke ou genyen.

Apre sa lap mande pou ou gen eksperyans nan domèn nan, pa gen pwoblèm ou gen yon liv ki se yon inivè nan tout domèn ke si ou ta vle aprann ki se YouTube poze kesyon wap jwenn repons ke ou bezwen an sèlmam sa ap mande fò ou ba li tan si ou vle reyisi ladanl.


0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil