lundi 18 décembre 2017

Kèk bagay nou dwe konnen


Jodia nou deside ekri aktif sa jis pou ka ede nou, konsènan moun ki gen iphone ak samsung. Ki bagay nou dwe konnen . Ebyen sa nou dwe konnen yo vrèman inpòtan mpat ka kite sa pase mpa di nou kèk ladan yo avan sa rive nou, 


Pou iPhone 
Mezanmi lè nou ap achte yon iphone nan men yon moun gen kèk bagay ke nou dwe konnen anvan nou lonje lajan bay moun nap achte la.
Fò nou konnen eske iphone nan pa gen yon ID sou li, si se moun nan ki tap sèvi avèl fè li baw ID a ak tout modpas la ou menm wap ka retire ID a sou li, Pou ou pa nan problèm pita paske si ou reset li lap mande ou Apple ID a si ou pa konnen li ou pap gen telefòn ankò paskew pap ka sèvi avèl.

Kijan ou ka verifye si li gen ID sou li
Si ou gen aksè antre nan menu iphone nan ale nan
Settings verifye nan iCloud pou ou wè si li gen yon kont sou li.


Oubyen si ou gen koneksyon intènèt 
Ale sou sit sa antre imei a wap jwenn infòmasyon de li.👇🏿
                       https://iphoneimei.info/

Anvan ou flache yon iphone asirew ke li pagen Apple ID sou li oubyen si find my phone nan pa ON
Paske aprè ou fin flache li lap mandew li si ou pagen ID ou pap ka fè anyen ak telefòn nan.
Asirew tou ou konnen ki konpayi telefoni li ye paske si ou pagen sim sa ou pap janm ka aktivite li nan ka sim nan si li dekòde ou ka aktivite li ak nenpòt sim. Si sa ta rive ou flache li epi ou pa konn ki konpayi li ye ale sou sit sa antre imei a pou ou ka konnenl 👇🏿
                 https://iphonedata.info/

Pou Samsung 
Anvan ou hard reset yon samsung metel sou download mode pou ou wè si FRP Activation:ON
Oubyen Réactivation Lock:ON
Depi ou wè yo ON lap mande ou Google ID aprè ou fin hard reset li
Si ou wè yo OFF ou ka hard reset li oubyen flachel san kè sote.

Siw bezwen konnen kijan pou ou hard reset yon telefòn samsung 



Pou retire frp sou Samsung ou 






Hard reset telefòn Samsung ou


Si ou gen yon telefòn Samsung ke ou bliye kòd ki sou ekran an oubyen chema ki sou li pou site sa yo sèlman ak si ou ta vle efase tout bagay ou gen sou li. Wap fè jan ou wè li nan enskripsyon an.


  1. Fèmen telefòn nan.
  2. Wap peze alafwa bouton prensipal( Home botton), volim anlè ( volume up) ak bouton pawè ( power botton ).
  3. Lè ou wè logo android la parèt lache bouton yo.
  4. Desann nan wipe data/ factory reset ak bouton volim anba a.
  5. Peze bouton power a pou seleksyone.
  6. Desann akò ak bouton volim anba a( volume down) sou yes- - delete all user data.
  7. Epi seleksyone ak bouton power a.
  8. Tann prosesis la fini epi seleksyone reboot system now.

Pou plis konpreyansyon swiv li nan video sa 👇🏿





Blog la nou fèl pou nou ede moun si tout fwa ou gen problèm tou ou kapab kòmante anba nan espas pou ou fè kòmante yo nou menm nap trè kontan pou nou pataje sa nou konnen avek nou.
nou ap invitew like page facebook nou an.

lundi 11 décembre 2017

Device Unlock App


Device unlock la se yon aplikasyon ki sou telefòn android yo ke defwa nou  pa konnen oubyen tou nou gen dwa wèl nou pa konnen poukisa li la, se yon aplikasyon ki trè inpòtan, si ou te konn sa li ye ki fonksyon li gen de fwa ou pa tap oblije deplase epi depanse kob pou ou mete telefòn ou an fonksyon, men kòm provèb la di li deja, sa ke ou pa konnen li pi gran pase ou oubyen tou sa ou pa konnen ou rele li papa. Ebyen mwen menm tou mwen pat konnen poukisa li nan telefòn nan men aprè mwen fin konnen ki fonksyon li jwe nan telefòn nan mwen deside pataje sa avèk nou, e aprè nou fin konnen li tou nap wè ki avantaj aplikasyon sa bay.



Device unlock la li pèmèt ou dekòde telefòn ou san ke ou pa peye 1goud ni deplase li gratis, men pou ou dekòde telefòn nan avèl wap bezwen yon koneksyon intènèt ki kapab mobile data ou wifi lè ke telefòn nan konekte ak intènèt la wap chache aplikasyon Device Unlock la nan menu telefòn nan wap lanse li pou dekòde telefòn nan li bay 2 posiblite ki se.


  • Permanently unlock ak 
  • Temporary unlock

Permanently unlock la li ba ou posiblite pou dekòde telefòn nan san ke li pap janm kòde ankò sa vle di ou ka itilize li ak nenpòt sim pou nenpòt ki konpayi telefoni.

Temporary unlock la li menm li fè ou dekòde telefòn nan pou sèlman 30 jou aprè delè 30 jou a lap rekòde ankò .

Aprè tout infòmasyon  ke ou sot resevwa la yo mswete yo itil ou paske yo te vrèman inpòtan men gen yon lòt ki pi inpòtan toujou se elijibilite telefòn nan. Sa vle di ou gen dwa ap pase tout tan ou pou dekòde telefòn nan ak aplikasyon Device Unlock la epi li pa dekòde sa vle di ke telefòn nan pa elijib. Depi  li  pa elijib li pap bay posiblite pou li dekòde. Si ou wè ke lew ou lanse li ou chwazi youn nan opsyon yo ou wè li di ou restart telefòn nan sa vle di li te elijib ebyen li dekòde. Pou plis Infòmasyon sou Device Unlock la prochenn atik mwen ap gen poum ekri a lap se ak video sou kilè li elijib ak kilè li pa elijib e kòman pou ou itilize li.

Si tout fwa ou ta manke konprann yon bagay kem sot di la ou gen dwa pou ou poze kesyon, jis lese li anba nan kòmantè a. 

Mèsi nap jwenn trè prochènman nan yon lòt pi bèl atik!!!!!!





samedi 9 décembre 2017

Yon laptop egal biznis

Yon laptop se yon bagay ki vrèman inpòtan prèske tout sa wap fè ou ap gen bezwen yon laptop, men chak moun pa itilize laptop yo pou menm koz pa egzanp gen moun ki itilize li pou tande mizik, gade foto ak video ak anpil lòt ankò. Men jodi a aprè chak moun ki fin li atik sa mta renmen li tou transfòme tèt  li an businessman. Pou tout moun ki deja gen yon laptop oubyen ki gen yon nosyon nan infòmatik epi yo pa eksplwate posiblite ak kapasite pou li fè lajan nou swete atik sa itil ou. Chak moun gen yon bagay ke yo renmen fè men sa konn paka ede yo fè lajan. Men ak yon laptop wap kapab fè yon biznis.



Ki biznis wap kapab fè ak yon laptop?

Lèm pale de biznis anpil  moun konnen deja sa yon biznis ye, men gen moun tou depi ou pale de biznis premye bagay yo wè se achitekti a, batiman an, gwo epas la ak anpil bèl bagay ki ka atire moun, men nan tèt yon chinois se pa sa li ye ditou. Yon domisil ak yon referans gentan sifi pou li sa vle di depi yon moun ka tcheke li nan adres sa lap jwenn li li gentan konfòtab pou li bay sèvis oubyen vann pwodwi li a sak fè depi nou gen ide biznis refere nou ak chinois yo paske biznis la se nan tèt ou pou li ye an premye se pa sa moun wè a se sa wap ofri a.  brèf, An tounen nan kesyon nou an ki se ki biznis wap kapab fè ak yon laptop?

Si ou se yon moun ki renmen travay foto e ou ka travay foto byen ou ka fè yon biznis travay foto ak laptop ou ebyen pou fèl fow evalye sa ou genyen e sa wap bezwen. Si ou pa gen mwayen mande èd paske gen moun ki apresye lè jèn ap fè efò malgre se pa tout. Ou ka menm fè biznis sa lakay ou depi moun ki bezwen sèvis la ap ka jwenn ou. Si ou se yon moun ki intelijan nan smartphone yo nan enstale aplikasyon tankou diksyonè, YouTube, Facebook, WhatsApp ak anpil lòt ankò, liv elektronik ( bacclab, apranngratis), mete jwèt sou telefòn pa egzanp (neg bannan nan, sove zansèt, temple run, footbal 2017), mete  fim ak video epi mete mizik ou kapab spesyalize ou nan sa sèlman wap fè kòb paske jodia anpil moun bezwen sèvis se yo, e si ou konn travay sou Microsoft words tankou tape lèt tape CV, fè kanè si ou te konn fèl gratis pa egzanp depi jodi a kòmanse eksplwate li pou fè lajan paske « time is money « . Ou gen dwa pako genyen oubyen ka achte yon enprimant pou fè enpresyon pa gen pwoblèm pou sa paske pa gen moun ki te fèt tou genyen ekonimize kòb ou fè yo petèt nan kèk mwa wap ka achte youn.

Si ou se yon moun ki konn rezoud pwoblèm ke telefòn ap bay o nivo lojisyèl, ou kapab fè yon biznis dekòde telefòn, flache telefòn si ou gen ide nan reparasyon tou lap pi bon toujou. Kisa wap bezwen pou ou fèl.

  1. Yon laptop sa ke ou gen deja
  2. Ak kab telefòn yo
  3. Yon nck box oubyen nck dongle a pou plis info klike la https://nckdongle.com/features/
  4. Ak yon je kle

Gen plizyè box ke yon moun kapab achte si li ta vle komanse men mte chwazi nck paske li pa chè epi li gen anpil mak telefòn ladanl. Men ou ka chwazi achte lòt li depan de mwayen ke ou genyen.

Apre sa lap mande pou ou gen eksperyans nan domèn nan, pa gen pwoblèm ou gen yon liv ki se yon inivè nan tout domèn ke si ou ta vle aprann ki se YouTube poze kesyon wap jwenn repons ke ou bezwen an sèlmam sa ap mande fò ou ba li tan si ou vle reyisi ladanl.


mardi 5 décembre 2017

Google account bypass 2017

Aprè ou fin hard reset yon Telefòn android ki pou pi piti vèsyon 5.0 ki se lollipop si FRP a te On lè ou relimen Telefòn nan lap mandew kont gmail la, si ou pa konnen li la ou kole.
Dèfwa sa konn rive anpil moun ke yo bliye chema ke yo te mete sou Telefòn nan yo annik reset epi yo pa sonje email la oubyen modpas la. Telefòn nan bloke men pa bliye pagen pwoblem ki pagen solisyon, kelkeswa solisyon pou yon pwoblem kapab pote yon profi pou moun ki gen solisyon pwoblem sa, sa vini fè teknisyen injenyè nan infòmatik mete ak anpil lòt ap fè lojisyèl pou vann tanzantan nouvo lojisyèl ap soti. Ebyen sa vini bay posiblite pou moun kap retire ID sou Telefòn yo fè kob pou yo mete nan pòch yo, sa vini fè mwayen pou fè kòb vini anpe fasil depi ou ka gen yon laptop ak kèk lòt ekipman infòmatik ak konesans nan domèn nan.


Fason pou ou retire ID a li pa anpil men nou kapab retire li ak lojisyèl ou byen ou antre andan Telefòn nan ak mwayen intelijans ou ou retirel lè sa yo rele li bypass.  Men bypass la li pa posib ak tout moman pou Telefòn de fwa se sou lojisyèl pou ID a fèt menm, konsa tou gen dèfwa ni lojisyèl ni bypass konn paka fè anyen lè sa selman mèt li ki ka fè yon bagay pou li. Sa vle di wap ka itilize Telefòn sa selman si ou konnen kont gmail la.
Nan pati sa map bay kèk methòd pou retire kèk nan ID yo san lojisyèl e nap bay tou kèk non lojisyèl ak lyen pou ou telechaje, ke wap bezwen pou ou ka retire Google ID yo sou Telefòn Android.

Retire google id gade video a 👇



Lyen anba yo se pou ka telechaje aplikasyon pou ou retire google ID.
Wap telechaje yo mete sou yon kat memwa (SD Card oubyen External SD).

  1. https://vnrom.net/bypass/Android_5_GAM.apk
  2. https://vnrom.net/bypass/QuickShortcutMaker.apk
apre video sa mwen deside fè lot video toujou paske se pa tout fwa ke ou ka pase nan chemen sa ke mwen pase a defwa li depan de vesyon telefon nan e tou pa bliye gen anpil lot telefon kap petet pa samsung li kapab Motorola, BLU, LG, SONY, Alcatel  etc... chak telefon sa yo gen konfigirasyon ki prop ak yo sa vle di li konn pa bay menm posiblite a se sak fe map toujou fe lot video pibliye lot atik sou blog mwen an nan menm seksyon sa ki se google accout bypass.

Si tout fwa nap retire youn li ta ba nou problem pa ezite lese yon kòmantè anba pòs la, nap trè kontan edew.





mercredi 22 novembre 2017

FRP (Factory Reset Protection) oubyen Google ID





  • Jodi a Nap fè yon ti pale sou frp, kisa frp a ye ? Kisa li itil ? Frp a se yon sekirite ke Google vini avel jis pou proteje Telefòn ke wap sèvi a depi li se android, lontan yon moun te kapab jwenn yon Telefòn Android atè oubyen vòlè li tou ke depwi li te gen chema oubyen kòd sou ekran telefòn nan li hard reset li epi li efasè tout bagay ki sou li tankou foto, video, kontak, mesaj, ak anpil lot bagay ankò. Men sa te konn fèt sou vèsyon android sa yo tankou : 
  • Cupcake : Android 1.5.
  • Donut : Android 1.6.
  • Eclair : Android 2.0/2.1.
  • Froyo : Android 2.2.x.
  • Gingerbread : Android 2.3.x.
  • Honeycomb : Android 3.x.
  • Ice screen sandwich : Android 4.0.x. 
  • Jelly bean : Android 4.1.x.
  • Kitkat : Android 4.4.x .



  • Sou lot vèsyon kap vini aprè tout sa mwen sot site la yo ebyen Google te oblije mete yon sekite paf ki rele Factory Reset protection (frp) kote depi moun ki tap sèvi ak android sa aktive li ke kelkeswa moun ki hard reset li telefòn nan ap mande li compte Gmail ki te sou li a, avan ke li menm li gen aksè avèl. Men poukisa li bon pou yon moun ki gen yon telefòn Android ke lap sèvi avèl kelkeswa moun nan bagay lap gen sou telefòn nan ap inpòtan pou li anpil e tou pèsonèl, ebyen si li pèdi telefòn sa mèt telefòn nan ap ka bloke li ak distans oubyen efase tout bagay ki sou li, oubyen tou si moun ki jwenn oubyen vòlè telefòn nan hard reset li li pap ka fonksyone ak telefòn sa si li pa konnen Google ID a oubyen si li pa bay retire li. Men kèk nan vèsyon ki genyen opsyon frp a ladan li se 
  • Lollipop : Android 5.0. 
  • Marshmallow : Android 6.0, 
  • Nougat : Android 7.0, e pa gen trò lontan ke yo vini ak vèsyon 8.0 a ki se oreo.


 N.B : Tout moun kap itilize telefòn Android yo dwe aktive opsyon sa paske li mete telefòn ou an serite, defwa gen bagay ou genyen sou telefòn ki pèsonel avek ou oubyen kew ta remen toujou protejel menm lè telefòn nan pa nan menw sel opsyon sa sifi pou li edew jere sa, gen lòt toujou ke yo rele yo antivòl kap pèmèt ou fè menm bagay la. Men diferans la se depi ou fin kreye compte gmail ou epi ou aktivel epi ou fini men antivòl la se telechaje pou ou telechaje li epi instale li sou telefòn ou e anpil ladan yo pa gratis tankou jan pa Google la ye.

 Mèsi pou atansyon nou nap tounen pou swit la. Mèsi.

mardi 19 septembre 2017

Deblokemvit gsm solutions & accessories

 Se yon biznis ki la pou bay sèvis ak vann e achte tout sa ki gen rapò ak telefòn. Nan sèvis nou bay yo tankou nou dekòde telefòn, nou flache ak repare yo tou. Men trè byento nou gen pou nou vann tout akseswa ki gen rapò ak telefòn. Mwayen yo fèb men panse a la, ak detèminasyon nou nap rive kote nou vle rive a.

Pou avansman sèvis ke nou gen poun bay yo nou te deside kreye blog sa, ladanl nap mete kek bagay ki ap kapab edew lew gen problem ak telefòn ou. Pa inkyete ou nap travay pou ou. Pou nou ba ou satisfaksyon.